

Papal te rele Milfort Nelfort. Manmanl te rele Risilia Joanesse . Yo te genyen ansanm 7 pitit. Edifort Nelfort, Andre Fleurimond ( Ciceron (mouri)), Jean Nelfort (Vilfort (mouri)), e Villard Nelfort (mouri), Merita Nelfort Duclona, Saintanise Nelfort, Resonise Nelfort. Kantite neve ak nyes antou se 25.
Villard rantre an Floride en 1980. Li komanse job li nan Red Lobster. Apre sa lal nan Chilli's pou yon part time job en 1993. Li te yon cook nan 2 job yo pou 24 tran avanl kite en 2017.
VIillard se te yon neg de byen. Toujou abiye fre, li te renmen ti mayo blan li anpil, bel kalson blan, li toujou santi bon ak gro mak pafen li. Madanm li kise Marie Renette Nelfort pat janm neglije lave pou li, fè bon ti manje pou li, ti kont yo se pou yon ti tan. Apre sa ou tande, " Net vini non madanm manm". Villard te renmen fanmil anpil, t e l te respekte yo. Pito yon moun ou te bat Villard, men pa touche 2 pitit li yo. Kise Jessica e Nelforry Nelfort. Se te 2 je nan tet Villard. "Fofo ou manje, al tcheke wap we mwen gen yon kob prannl". "Dada ou anfom, ou manje, na we pita". Lavi pap diw.
Villard te renmen gad tv anpil, mem le lap kabicha. Se fim aksyon, wrestling (lit), football li, ti languichat, papa pye. Li te renmen pen, steck li, li pap manke sa. Mwen sonje yon le se lopital yal retire yon moso steck nan goj tontonm. Lol. Lavi pa diw.
Apre kek ane se konsa, Villard te soufri ak maladi tansyon, suk, e li vinn devlope maladi Parkinson. Madanm li pat janm dekouraje ak li. Kek jou kouche lakay li se madanm li ki tap pran swenn. Yon bon maten ki se dat 20 Novanb 2020, li te endispoze nan men madanm li ki se Renette Nelfort ke yo te marye ayiti nan dat 13 Jiye 1996. Bofis li rele Marc'Orel Pierre. 20 Novanb 2020, tout bagay komanse tre mal. Lopital, epi machin ICU. Epi se 28 Nov 2020 tout bagay fini. Dokte deklare li mouri.
Paix a son āme, Bondieu bay li pran ke non li beni.
-Jean Jean Nelfort (neve)
SHARE OBITUARYSHARE
v.1.18.0