

Alicieus Eugene se te pitit Gervé avèk Paulvina Eugene ki te abite nan Bwa Koniac premye seksyon kominal Jan Rabèl, Ayiti. Alicieus se te yon bon vye nèg ki te toujou wè lòt moun avan tèt pa li. msye te mennen yon vi laj, li pat mesken, li te anbrase tout reskonsablite li a 2 bra kòm yon bon pè de fami, se te yon nèg aktif, ki te konn debouye l trè byen nan lavi a, se te yon bon kwizinye epitou yon bon antreprenè. Tout moun te kapab temwaye sa, pandan t’ap viv, se sèl Papa Bondye Alicieus te renmen piplis ke fè jaden.
Alicieus te grandi nan vilaj Fon Lektin nan Depatman Nodwès peyi d’Ayiti, kote l te gen abitid travay sou bitasyon bò lakay li yo. Se te yon gran sè li ki te elve li paske manman l te mouri byen bonè depi l t timoun piti. Alicieus te vin rive pati al Baramas nan 1965 pou l t’al chache lavi avèk yon myezèt. Se konsa, finalman lavi voye l vin tabli isit an Florid an 1971, aprè l te fin marye avèk fanm chans li, fanm zantray li: Madeline (Michel) Eugene. Lè w gade yo, ou ta di, se degouden ak senkant santim, tèlman yo te renmen. Alicieus te pran anpil plezi nan pase tan avèk fanmi, bay blag ak zanmi, fè jaden, vwayaje monte desann Ayiti, epitou ede lòt moun ki nan bezwen.
Alicieus pat janm pa genyen pou l bay, piti kon sa t ye li te toujou ap sipòte tout kòt fanmi isit tankou an Ayiti. Menm sila yo ki t’ap viv Ozetazini ki te abite lakay li. Pou rezon sa a, li te pase plis ke 20 an ap fè 2 jòb full-time pou l te kapab sipòte yo. Alicieus te renmen travay. E li te konn travay di anpil. Se sèl anplwaye ki te pase plis 32 zan ap travay pou konpayi Lauderdale Yacht Club jiskaske l te vin rive pran retrèt li an 2017. Alicieus se te yon bon antreprenè, li te gen pwòp biznis netwaye kapèt, ansanm avèk rilestet, vann, achte kay pa li. Li pat toujou fasil ditou pou w te tande Alicieus ap plenyen kòmkwa fatig ak twòp okipasyon anpeche l reponn yon envitasyon.
Alicieus se yon kretyen ki te byen fonde nan lafwa. Li te renmen pase tan li ap li Labib, li te fè jefò pou te mennen yon vi kreyèn ekzanplè daprè jan Bondye mande l. Alicieus te renmen legliz li. Li te manm apa antyè Premyè Egliz Batis Ponpano Bich, kote li menm ak madanm li ak timoun yo te konn pèsevere regilyèman.
Alicieus pat genyen twò gran mwayen ekonomik sepandan, li te rive kreye yon anviwonman pou bay sipòte, avèk akèy epitou pou fè tout moun ki nan bezwen santi yo lakay yo. Prensip Alicieus se te sèvi lòt moun avan tèt pa w. Nan ane 80 yo, pandan anpil fanmi avèk zanmi t’ap kouri pou sitiyasyon difisil nan peyi d’Ayiti pou vin chache lavi miyò Ozetazini, Alicieus avèk madanm li Madeline te louvri pòt kay yo pou te bay ladesant ak sila yo ki pat gen kote pou yo rete, ki pat gen manje pou yo manje e ki te bezwen tout lòt kalite asistans ke yo te kapab pou ede yo adapte yo nan peyi a. Kay Alicieus te sèvi abri, ak refij a tout moun ki t’ap chache e ki pat kapab ede tèt yo paske li menm tou te fè menm eksperyans sa a tou kòm moun ki vin chache lavi isit Ozetazini nan yon peyi etranje.
Alicieus pat konn bay manje sou tab lakay li sèlman, men li te bay lòt bagay tou tankou: sipò, asistans, kay pou yo rete, gide yo, ede yo jwenn travay ak lòt ankò. Alicius te gen anpil fyète nan siksè pitit li yo. Alicieus te toujou kwè ke edikasyon se yon kle ki kapab louvri anpil pòt nan lavi a. Se pou tèt rezon sa a, li te toujou ankouraje pitit li yo avèk anpil lòt timoun ankò pou yo fini edikasyon yo epi viv lavi avèk tout sa li ofri toutotan Bondye pèmèt nou. Edikasyon avanse se kle siksè nan peyi isit, konsa pitit li yo te rekonpanse jefò l te fè pou yo kòm papa paske yo te rive dekroche gwo degre mastè ak doktora ke papa yo te toujou swete pou yo.
Alicieus te pase pi fò nan 84 lane Bondye te fè l kado a ap viv la a nan Ponpano Bitch, Florida, kote l te tabli li menm avèk fanmi li, ebyen jiskaske Mèt li te rele l rantre lakay nan dat ki te 4 Janvye 2022 a. Alicieus kite dèyè madanm li Madeline (Michel) Eugene ke l t’ap viv avèk li depi 50 an; pitit gason li yo: Eliner avèk Amos Eugene, pitit fi li yo: Vinesse Eugene, Doktè Wanda Eugene, Fedeline (Eugene) Augustin, Roznee (Eugene) Jean Baptiste, his brothers, Arilien Eugene, Gerilus Eugene avèk Onel Eugene; 16 pitit, pitit avèk anpil nyès avèk neve, san nou pa bliye lòt frè, sè avèk zanmi nou pap kapab fin konte.
Defen papa li, Gervé Eugene, manman li Paulina Eugene, 3 sè l yo: Sitancia (Eugene) Lejilus, Lerelia (Eugene) Dumerve, avèk Franchilia (Eugene) Jolius, avèk frè l yo: Germilien Eugene, Gelin Eugene, Saintanie Eugene, Silencieux Eugene, avèk Gerilien Eugene.
Frè Alicieus kòm tout te konn rele li, se te yon nonm saj, pèzib ki te gen yon lanmou nan kè l ki pa janm fè bak nan moman difisil. Lè msye ri tout moun bò kote l pran ri tou. Se tout bon vye abitid sa yo nap manke pandan absans Alicie
Paix à son âme et que la terre lui soit légère!
SHARE OBITUARYSHARE
v.1.18.0