

Isemenie Predesmat se te 7e pami 10 pitit Alexandre ak Mèsilia te genyen. Li te fèt nan dat ki te 6 Desanm 1932. Pandan li te vivan, li se te yon moun ki te renmen moun anpil e tout moun ki tap kotwaye li te renmen l tou. Li te yon moun ki renmen komès tou. Nan ane 1960, li te rive konnen yon mesye ki pi devan tap vin mari li, se te Joseph Telisnor Charles, ki li menm mouri sa gen plizyè ane. Nan ane 1961, pi presizeman, 16 Janvye 1961, li te rive marye ak mesye sa a. E nan maryaj sa a, sa te bay nesans ak pitit sa yo : Josué, Mirene (ki mouri), Priscille ak Micheline. Apa de mesyedam sa yo, Isemenie te adopte yon seri lòt pitit mari l te genyen, tankou Marie Michelle, ki se yon pitit li te renmen anpil tou, san konte Makso e lot anko. Men sa ki pi enteresan, sèke Isemenie te vin aprann konnen laverite sou Jewova aprè maryaj li e nan dat 21 Out 1976, li te senbolize lavi l bay Jewova e konsa piblikman tout moun te vin rekonèt li kom yon sèvitè Jewova. Malgre sitiyasyon yo pat fasil pou li, malgre sante li pat vreman bon, Isemenie te fè tout sa li kapab pou li leve tout pitit li yo nan laverite e se te yon bel jwa pou li, paske li te kapab wè tout pitit li yo te aprann laverite e yo te vin sèvi Jewova. Finalman, nan dat 12 desanm 2025, li te ale kite nou. Li ale, li kite dèyè moun sa yo e anmenmtan nou vle pataje kondoleyans nou ak yo.
COMPARTA UN OBITUARIOCOMPARTA
v.1.18.0