

Se avèk yon kè lou, plen doulè ak tristès pwofon, nou anonse lanmò twò bonè Lourdie Jean, ki te fèt 7 Jen 1993 e ki kite nou 11 Avril 2026, a laj 33 an, apre yon aksidan trajik ki rache li nan mitan nou.
Lourdie Jean te yon jèn fanm remakab, entèlijan, serye, e ki te gen yon gwo lanmou pou fanmi li. Depi nan pi piti laj li, li te toujou demontre disiplin ak detèminasyon nan etid li ak nan lavi li.
Li te fè tout etid primè li nan Collège St Michel, kote li te briye soti premye ane rive sizyèm ane. Apre sa, li te pousuiv etid segondè li nan Lycée Salnave Zamor de Lascahobas. Avèk yon lespri kouraj ak volonte pou amelyore avni li, Lourdie te antre nan INIKA, yon inivèsite ki chita nan Pòtoprens, Ayiti.
Nan rechèch yon lavi miyò, li te kite peyi li pou ale Chili, kote li te pase plizyè ane ap travay di ak sakrifis. Pi ta, ansanm ak mari li ak pitit li yo, li te imigre Ozetazini, kote li te pase kat (4) ane ap bati espwa pou yon lavi pi estab.
Lourdie te yon manman ekstraòdinè, ki te bay tout lanmou li bay de pitit li yo: yon ti gason 7 an, Makerventz Martin, ak yon ti fi 3 an, Hylary Martin. Li te madanm James Martin, yon patnè fidèl ak yon poto mitan nan fanmi li.
Li kite dèyè gran papa li Woodloup Villette, grann li Immaculee Thomas, papa li, Dieudanis Jean; gran grann li Silvanie Nourrissant, manman li Carmel Villette ke li te pédi pa lontan de sa; sè li, Nathalie Jean; ansanm ak frè li yo, Kenson Jean ak Woodmy Jean, ki tout te gen yon relasyon sere ak li.
Li kite tou dèyè tonton li yo, tankou Benjamin Jean ak Wadson Villette; ansanm ak matant li yo: Claudette Villette, Juslene Villette, Ketelie Villette, Anie Villette, ak Magdala Villette.
Pami zanmi pwòch li yo, nou sonje ak anpil emosyon Evencia Jacob, Wasaille Villette, ak Silvana Joseph, ki te toujou la pou li nan bon kou nan move kou.
Lourdie Jean te yon moun ki te toujou dispoze lonje men bay lòt moun. Li te gen gwo rèv pou konstwi pwòp kay li epi retounen viv nan peyi li yon jou. Malerezman, rèv sa yo pa t gen tan reyalize.
Dlo pa sispann koule nan fanmi Villette la. Nan Fanmi Woodloup Villette, Lourdie Jean se 4 tkyèm moun ki mouri nan fanmi li. An premye moun, Dichene Villette se te tonton Lourdie. Dezyèm moun se te manman Lourdie, Camel Villette aprè 6 mwa dèye manman Lourdie se te ti sè manman Lourdie, Yolande Villette e kounyea 10 mwa aprè, Samdi 11 Avril 2026 la, lavi Lourdie Jean te sispann bridsoukou nan yon aksidan ki kite yon gwo vid nan kè fanmi li, zanmi li, ak tout moun ki te konnen li.
Memwa li ap toujou rete vivan nan kè nou. Eritaj lanmou li ak bonte li pap janm efase.
🕊️ Repoze an pè, Lourdie Jean.
SHARE OBITUARYSHARE
v.1.18.0