

Papa Jeanette te rele Merigueze Jean e manmanl te rele Charite Jean,yon fanmiy 6 pitit, 4 fi 2 gason men se Jeannette kite dezyem. Jeannette pat selman yon dezyem pitit men se te yon manman pou nou tout.
Man ane 80 yo li ale Bahamas, apre yo kenbel Bahamas li tounnen Ayiti men li pat fe anpil tan Ayiti, nan menm ane a li antre isit. Jeannette travay di poul okupe tout moun, pa gen moun nan twazyem nan Delray ki pat konn Jeannette Vixama, li resevwa tout moun el pat bezwen konnen w poul te fe sa. Moun pat bezwen lajan pou yo te pran machandiz kay Jeannette ke tout moun konnen sou non “ti Tante” e ti moun nan fanmiy lan vinn bay yon lot ti non “big grandma”. Ou pa ka dim ou se moun Delray Beach pouw pat konn Jeannette Vixama nan twazyem nan?!?!
Jeannette telman te renmen moun li te renmen moun plus ke tet pal. Li te renmen tout moun spesyalman fanmiy li. Jeannette te depase jenere, li pat gen anyen pou li. Siw te rankontre avel li gen yon rad sou li ou dil ou renmenml lap mandew yon vye rad poul chanje e tou ba ou sak te sou li a,menm si te bijou lap retirel sou li e lonje w li. Anyen pat tro bel ni tro piti pou Jeannette fe nenpot moun kadol.
Avan ou te ouve bouch pouw mande Jeannette yon bagay li te gentan pre poul ba oul, li met pat genyen l li pral mande pretel pou ou menm si li pa konn koman li pral remet li. Nou te toujou ap fe ti fache paske nou met te achte nenpot bagay tou nef ba li, li fe kadol e pou nou pa fache avel li di moun nan se nou ki voyel bay moun li fe gadol la,epil tounnen poul diw moun nan voye diw mesi.
Jeannette te gen ke nan men,li pa janm di non e ede moun ak okupe moun se te misyon pal. Jeannette te fe tansyon,suk ak kolesteral men se apre lanmo ti frel an 2012 ren li vinn ale akoz de suk la. Jeannette fe 12 zan nan lave san,12 zan doule ak kalamite,nou te eseye 2 fwa fwa poul te jwenn lot ren,premye fwa sete nan Cleveland Clinic e dezyem fwa sete nan Jackson memorial. Randevou 5e nan maten yo pat dous,nou konn ap kite Delray a 3:30 nan matin men se pat volonte Bondye poul te jwenn yon lot ren. Men nan jou kite 17 Novam 2025 lan kel te rete plizye fwa e sa te domaje sevo li juskaske 20 Novam 2025 dokte yo te deklarel mouri.
Depi nan vivan jus nan lanmo Jeannette nou te deja reyalize pap janm gen yon moun tankou li paske sete yon sel Jeannette Vixama,moun li te ye a,pa gen moun sa yo sou la te anko. Nou ap mankel anpil pandan nou sou te men nou konnen nap wel anwo pa tro lontan.
Jeannette kite deye yon ti se, 2 pitit. Yon gason Clovince Merice e yon fi Rosena Camille. 4 pitit pitit Kechenie,Kechena,Jamesly e Ruth C. Cammile. 2 pitit pitit pitit. Jeannette kite anpil nyes ak neve, anpil kouzin,kouzine ki te renmenl anpil anpil,e fiyel Jeannette kite nou pa menm ka finn konte yo san nou pa bliye fanmiy legliz li,zanmi,e tout dokte yo ki te pran swenl pandan maladi li.
Nan non fanmiy Jean ak Vixama,nou di mesi ak tout moun kite supote Jeannette panda maladil, nou priye Bondye kontinye beniw. Mesi a ou menm ki kite aktivite w pouw vinn rann yon denye omaj jodia nou pa pran sa pou granmesi!
To everyone near and far who have supported Jeannette while she was with us, the Jeans and the Vixama’s thank you and may God continue to bless you, to those who are here today to pay your last respects, thank you as well, be blessed!
Visitation will be held at First Haitian Evangelical, located at 90 Emerson Drive NW, Palm Bay, Florida, December 6, 2025, 10:30am to 12:00pm.
A funeral service will follow at the same venue from 12:00pm to 2:00 pm; and Committal will take place at Fountainhead Memorial Park, 7303 Babcock Street SE, Palm Bay, Florida, at 3:00pm to 3:30pm on December 6, 2025.
Partager l'avis de décèsPARTAGER
v.1.18.0