

Guetie Civil Clermont te fèt Pòtoprens, Ayiti 17 Oktob 1970. Li se 3eme pitit Renord Clermont e Lucienne Tibeau Clermont. Guetie gen yon gran sè, Odette Clermont, yon gran frè, Frantz Clermont e 3 ti sè, Renette Clermont, Mirlande Clermont e Roselyne Regis
Guetie te fèt nan yon fanmi Temwen Jewova kote papa l ak manman l te aprann li laverite. Guetie te pran desizyon pou l batize an Novanm 1987. Li te pran relasyon l ak Jewova serye serye! Tout òportinite l te genyen, li te renmen pran nòt nan reyinyon yo, asanble yo ak kongrè yo. Li gen anpil liv ki gen anpil nòt ki la depi plizye dizènn ane. Travay bon nouvèl la, te enpotan anpil pou li tou, e li te renmen fè travay sa ak tout kè l.
Pandan l te nan laverite, li te rankontre ak mari l, Oreste an 1991. Yo te renmen pou anviwon 4 an, epi yo marye 25 Mas 1995. Nan maryaj yo, Guetie te fè 3 pitit : Jonathan, Mackelly e Brianna. Li te renmen pitit li yo anpil e se te misyon l pou l aprann yo laverite nèpot lè sa posib, e l te anvi pou yo fè menm chwa avè l, pou yo vwe lavi yo bay Jewova
Guetie te gen anpil enterè tou. Li te renmen ekri, pran anpil anpil foto, tande mizik, jwe jwèt tankou domino, kàt, lido e anpil lot aktivite tou. Lot enterè li te genyen, se fè manje epi aprann pitit li yo fè sa tou
Malerezman, Guetie te vin maladi nan Desanm 2024, e l pran dòmi 11 Janvye 2025. Li kite dèyè manman l : Lucienne, mari l, Oreste, pitit li yo : Jonathan, Mackelly e Brianna, frè l ak sè l yo : Odette, Frantz, Renette, Mirlande e Roselyne, e anpil nyès ak neve.
Fanmi an vle exprese anpil gratitid ak apresyasyon pou tout lanmou, èd ak sipò nan moman difisil sa e yo konnen ke pwomès ki fèt nan Revelasyon 21:4 ap reyalize kote tout fanmi l ak zanmi l ap wè l anko nan paradi a.
Mesi!
If you are unable to attend; the family has provided a livestream using Zoom.
Zoom ID- 87260568487
Passcode- 294728
SHARE OBITUARYSHARE
v.1.18.0