

Eliette Louis-Paul te fèt 3 Avril 1945 La Plaine-Du-Nord an Ayiti. nan yon vilaj ki rele Bwa Rouj. Manman li te rele Mariette Jean-Gilles, li grandi avek 7 frè e sè nan Bwa Rouj jiska laj de 8an. Aprè li te vinn abite Okap kote li te rankontre Mari li Elie Louis-Paul, pou preske 50 an maryaj.
Li travay trè di nan fè edikasyon ak fòmasyon timoun. li sakrifye vi li pou li ka reyalize bonè ak siksè pou pitit li yo. Paske mari li te aletraje, se li ki te toujou jwe ròl ni manman ni papa pou tout pitit li yo.
Lè li te jènn fi, li te travay kònm profesè lekòl, aprè sa li te vinn tranzitione li nan kouti. Avèk menm lanmou koutiyè a li te gen boutique li, kote li vann tout sa yon moun bezyen pou fè kouti tankou twal, bobin fil, bouton plastic, bouton frape. li tèlman renmen kouti aprè li finn retayèd li toujou kontinye ap koud e ap fè rad pou pita pitit li.
Dezyèm lanmou li te gen nan kè li; se pou legliz. Depi an Ayiti li te nan group La Sent Fanmiy. Lè li antre Miami an 1999, li kontinye chemen legliz li ak chemen group La Sent Fanmiy lan kote li te arive Direktè group La Sent Fanmiy lan nan Notre Dame nan Miami de 2008 a lane 2015. E se nan group Sent Fanmiy sa li te fè anpil zanmi pròch li tankou defen Sr. Marcel, defen Sr Gevieve, Sr Celine, Sr Magela ak anpil lòt frè ak sè nan legliz Notre Dame nan Miami.
Twazyem lanmou nan kè li se pou ede e sipote mari li, ak pitit li, e ede lòt moun nan sosyete a. li toujou ap lonje men ap ede zanmi ak fanmiy ki nan bezyen e li renmen ale fè apostola pou preche levanjil la, priye e sipòte sa ki nan bezyen.
Li ale kite dèyè yon frè li ki rele Varius Jean-Gilles, yon sè li ki rele Louisanne Jean-Gilles, yon bo-fils ki rele Rodolphe Louis-Paul, 2 pitit fi li: Nadeige Louis-Paul ak Solange Louis-Paul epi 2 pitit gason Roody Louis-Paul e Claudel Louis-Paul. li kite dèyè 7 pita pitit.
Eliette Louis-Paul mouri yon Vandredi Sèn ki te 3 Avril 2026 nan dat fèt li, nan yon lopital Orlando a laj de 81 an.
Eliette Louis-Paul passed on April 3, 2026, at the age of 81.
Eliette was a resident of Miami, Florida.
Visitation will be held at Caballero Rivero Southern Funeral Home, Peace Venue, 15011 West Dixie Highway, North Miami, FL 33181, on April 16, 2026, from 5:00 pm to 9:00 pm.
A Funeral Mass will take place at Notre Dame d'Haiti Catholic Church, 110 NE 62nd St, Miami, FL 33138, on April 17, 2026, at 12:00 pm.
Final Place of Rest will be at Our Lady of Mercy Cemetery, 11411 NW 25th St, Doral, FL 33172, on April 17, 2026.
Repast and Fellowship will be at The Katz Restaurant and Lounge, 738 NE 125th St, North Miami, Florida 33161, on April 17, 2026.
SHARE OBITUARYSHARE
v.1.18.0