Gen yo lè pou chak bagay. Bondie fikse yon tan pou chak bagay fèt sou latè. Li fikse lè pou fèt, lè pou ou mouri, lè pou ou kriye, lè pou ou ri, lè pou nan lapèn, lè pou fete. Sou paròl sa yo, nou prezante kondoleyans nou a fanmiy Marie Nelson. Li te fèt nan dat 26 Septam 1956 a kòtdefè Bòy nan depatman Nò peyi Dayiti. Li mouri lakay li Dimanch ki te 15 Jen 2025 a laj de 69 lane. Li te dezyèm pitit manman’l ak papa’l Tersillon Nelson ak Ornée Adelson. Nan ane 1980 li te kite peyi Dayiti pou ale Bahamas, 10 zan aprè en 1990 li te kite peyi Bahamas pou travèse nan peyi États Unis.
Kondoleyans a gran frè li Samter Nelson, bèl sè li Lèrena Nelson, neve ak nyès li yo Mirlande, Sandra, Mariette, Raphaël, Sindy, Fabiola, Thani Nelson. Kouzin, kouzin’n li yo: Pastè Odiles Nelson,Samson, Matha, Linouse, Lina, Jules, Ariel, Rochenel, Jobert, Exaël, Jonas Nelson, Anrio, Jean Claude, Kerline, Odius, Ronel, Joseph Apollon, Lami, Tavicia Abraham, Léon, Rodile Obas, David Joseph, Merline Saint-Louis. Anfin, nou prezante Kondoleyans nou a tout ki frape pa dèy sa.
Ke nan’m Marie repoze an pè.
A visitation for Marie will be held Saturday, June 28, 2025 from 11:00 AM to 12:00 PM at Caballero Rivero Southern, 15011 West Dixie Highway, North Miami, FL 33181. A celebration of life will occur Saturday, June 28, 2025 at 12:00 PM at Caballero Rivero Southern Funeral Home, 15011 West Dixie Highway, North Miami, FL 33181. A committal service will occur Saturday, June 28, 2025 at Caballero Rivero Dade North, 1301 Opa-Locka Blvd, Miami, FL 33167.
SHARE OBITUARYSHARE
v.1.17.0