

Li te 9em pitit nan 10 pitit Salomon ak Madan Salomon. Li te gen 7 frè ak 2 sè. Li te Marye ak Yanick Sylvain, li te gen 2 pitit gason (Kitchener Petit, Smith Petit) ak yon pitit fi( Nadine Petit), Li te gen an total 6 pitit pitit.
Saul Petit te lekòl nan Lekòl Nasyonal De Basenble, kote li te fè etid primè li.
An 1970 li pral entegre biwo kontribisyon kote li pral travay Latòti, li pral retounen Basenble an 1972 pou l vin travay nan IDAHi. An 1973 li deside fòme yon fwaye, li te marye ak yon demwazèl ki rele Yanick Sylvain. Aprè 5 an Maryaj Saul te deside rejwenn frè l ak sè l ki te nan peyi etranje pi presizeman Etazini, li antre New York an Novanm 1978. Li te etabli l nan Spring Valley, kote l te kòmanse travay nan Metropolitan Nursing Home jiskaske li te pran retrèt li nan lane 2006. An 1986 Madanm li Yanick vin rejwenn li swivi pa timoun yo an 1995 ak 2001 respektivman. Saul Petit vin tonbe malad an 2006 de Ensifizans Renal, li te sipòte maladi a ak kouraj jiska dènye souf li le 16 Novanm 2021. Saul Petit se te yon moun trè saj, trè jovyal an rezime se te moun tout moun.
Saul Petit, age 80, of Spring Valley, New York passed away on Tuesday, November 16, 2021. Saul was born June 3, 1941.
A visitation for Saul will be held Friday, December 3, 2021 from 5:00 PM to 9:00 PM at Wanamaker & Carlough Funeral Home, 177 Route 59, Suffern, New York 10901. A mass of christian burial will occur Saturday, December 4, 2021 from 9:00 AM to 11:00 AM at St Joseph's Church, 245 N Main St, Spring Valley, New York 10977. A burial following funeral mass will occur Saturday, December 4, 2021 at St. Anthony's Cemetery, 36 W. Nyack Rd., Nanuet, NY 10954.
Fond memories and expressions of sympathy may be shared at www.wanamakercarlough.com for the Petit family.Saul Petit
SHARE OBITUARYSHARE
v.1.18.0